Skip to content

ALYANS PWODISKYON LOKAL

Alyans
Pwodiksyon Lokal

Nou kwè chak Ayisyen
dwe byen manje, epi Ayisyen ka bay Ayiti manje.

Misyon Nou

Misyon nou, se kreye yon chanjman ekonomik fondamantal epi dirab nan lavi chak fanmi ak kominote agrikòl ann Ayiti. Gras ak kolaborasyon solid sa, Alyans lan ap chèche kreye sistèm alimantè ak chèn valè ki pi rantab epi ki pi dirab ann Ayiti.

Pwoblèm

Genyen yon milyon agrikiltè ann ayiti. Malgre plizyè deseni envestisman ak anpil envestisman ki soti nan peyi etranje, li pi difisil toujou pou ti agrikiltè yo siviv. Anpil nan yo ap kite travay latè pou yo al viv lavil oswa lòtbòdlo. Lè fanmi agrikiltè yo pap travay, se tout peyi a ki soufri de sa. Konpare ak karant anvan, Ayiti gen plis moun pou l bay manje ak mwens pwodiksyon agrikòl pou li rive fè sa. Jodi a, 60 % Ayisyen ap viv nan lamizè, 40 % ap viv nan yon ensekirite alimantè ki grav. Pwodiksyon lokal satisfè sèlman 40% bezwen nasyonal la. Sistèm alimantè ak ti agrikiltè ann Ayiti bezwen èd kounye a.

Solisyon

Alyans Pwodiksyon Lokal se yon kowalisyon lokal, k ap transfòme sistèm alimantè yo depi nan baz yo. Nou se yon gwoup patnè lokal ki gen divès kalite konpetans k ap travay ansanm depi plizyè lane. Nou reprezante plizyè santèn anplwaye ak travayè ayisyen, plizyè milye kiltivatè, etidyan ak pasyan ayisyen epi plizyè douzèn òganizasyon kominotè ayisyen. 

N ap antre nan pwochen chapit la kòm prensipal referans peyi d Ayiti pou sistèm manje. Travay nou konsantre sou senk tach prensipal:

  • Kòdone aktè yo nan sistèm alimantè Ayiti a pou konbat separasyon.
  • Amelyore kolaborasyon pou santralize ak pataje konesans epi redwi repetisyon efò yo.
  • Debloke finansman pou divèsifye sous finansman epi redwi depandans sou sibvansyon.
  • Ogmante finansman atravè mekanis inovatè ki kondwi transparans, valè pou lajan ak konsantre sou rezilta yo.
  • Kominike done pozitif sou Ayiti, refòme pèsepsyon epi kondwi yon refòm politik kritik.

Enpak

736,070

Plat manje ak kit alimantè ki distribiye nan lekòl yo

5,487

Moun ki jwenn manje

607,724

Kantite dola ki bay pou kredi entran

15,602

Agrikiltè ki patisipe nan fòmasyon sou plas epi ki jwenn asistans teknik

2,940

Agrikiltè ki resèvwa entran

984

Agrikiltè ki resèvwa finansman pou fè antretyen nan biznis yo

Alyans Pwodiksyon Lokal

Limyè Sou Enpak

An ME 2023, HFSA òganize yon konkou agwo-antreprenè pou soutni nouvo jenerasyon agrikiltè Ayisyen yo. Nan pwochen faz la, l ap elaji posiblite finansman ak lot opòtinite pou entregre mache a.

Djimy Saintil

TRIPLE AGRO

Lè li analize enpak COVID 19 la sou popilasyon gran Nò a, sitou avèk fwontyè Ayisyen-Dominiken yo ki fèmen, Djimy Saintil ak Kamarad li yo nan Fakilte Agwonomi ki nan Inivèsite Quisqueya, yon manb HFSA, lanse TRIPLE-AGRO. TRIPLE AGRO se yon antrepriz agrikòl ki vle pote inovasyon pou amelyore dirabilite manje nan rejyon an. Jodi a, yo pwodui sis kalite manje moun kapab manje lakay yo, lè yo itilize semans amelyore ak yon sistèm irigasyon gout-gout, ki pèmèt yo amelyore randman yo ak kantite tan yo dire. TRIPLE AGRO te jwenn finansman HFSA epi benefisye yon ane akonpayman ak mantora nan men CLE ak patnè pwodiksyon yo nan HFSA.

Jean Max Cange

FFH Antrepriz Agrikòl

Jean Max Cange lanse FFH Antrepriz Agrikòl an Septanm 2020 pou l ofri yon fòmasyon teyorik ak pratik nan Agrikilti pou elèv ant 12 ak 14 lane, pou ede yo kreye pwòp biznis pepinyè pa yo. Yo kreye epi jere jaden nan lekòl ak ofelina, lè yo itilize materyèl resikle epi agwo ekolojik. Yo envesti nan pi bon pratik esansyèl yo, tankou irigasyon gout-gout pou ogmante randman yo ak redui kou yo, epi yon angrè òganik ki soti nan dechè lokal yo. Yo travay kounye a la nan 6 lekòl, HFSA soutni Jean Max Cangé ak kamarad li yo pou grandi biznis yo a epi ede yo opere nan lòt lekòl pou asire edikasyon ak kilti agrikòl kòmanse bonè lakay elèv yo, epi garanti vyabilite sistèm alimantè a nan ane k ap vini yo.

Valè Nou

Dirabilite

Dirabilite Alyans lan chita sou yon chèn valè enklizif/konpetitif ak sou founisè yo, pandan y ap bati gwo kolaborasyon k ap pote benefis pou tout patisipan pwojè a epi lite kont ensekirite alimantè an Ayiti.

Manb

Patnè

Alyans
Pwodiksyon Lokal

Yon kowalisyon lokal k ap travay pou bay travayè agrikòl yo mwayen pou transfòme sistèm alimantè a ann Ayiti.

KRKreyòl