Skip to content

ALYANS PWODISKYON LOKAL

Manb

Alyans Pwodiksyon Lokal

Patnè Ki Nan Pwodiksyon

Alyans la reprezante divès patnè lokal k ap travay nan domèn agrikilti, edikasyon, swen sante, ak devlopman kominote yo ann Ayiti. Sa ki pi enpòtan, manm Alyans lan se plizyè santèn anplwaye ak travayè ayisyen, plizyè milye kiltivatè ayisyen, elèv lekòl, pasyan ak yon douzèn òganizasyon kominotè ayisyen ki afilye.

Apre chita pale sou enpòtans ekite travay, sekirite ekonomik fanmi ak opòtinite pou fè lajan, sis patnè mete kanpe Alyans lan. Tout sis (6) patnè sa yo ap travay nan kominote riral yo pou lanse chèn valè pou ogmante pwodiksyon kiltivatè yo:

logo_partners_local_food_22

ACAPE

Association des Cadres pour la Protection de l’Environnement

ACAPE ap travay pou fè pwomosyon yon kwasans ekonomik anviwonmantal ki dirab alontèm nan Depatman Sid Ayiti, Okay, Aken, ak Tòbèk.
logo_partners_local_food_25

Acceso

Acceso Haiti

Acceso ap revolisyone sistèm manje nan Amerik Latin ak Karayib la pou mete ti pwopriyetè yo ak travayè yo an premye.
logo_partners_local_food_27

AZA

Asosasyon Zanmi Agrikòl

Asosyasyon Zanmi Agrikòl (AZA) sèvi ak edikasyon ak agrikilti pou bati mwayen pou viv dirab pou pèp ayisyen an epi retabli tè agrikòl vèt ak forè zile a.
logo_partners_local_food_29

HCDF

Haiti Christian Development Fund

Haiti Christian Development Fund (HCDF) ap travay lontan nan Fond-des-Blancs depi 1982 nan yon sèl objektif ki se devlopman global kominote riral ayisyen yo.
logo_partners_local_food_31

KORE

Fondasyon KORE

Apwòch KORE se kreye opòtinite biznis nan devlopman agrikòl pou ankouraje sekirite alimantè, devlopman ekonomik ak sante kominote an Ayiti. Objektif yo ap toujou ale pi lwen pase soulajman konsantre sou trete kòz ki kache nan pwoblèm nan, pa sèlman sentòm yo. Desine sou pi bon panse nan biznis, edikasyon, ak mond ki pa pou pwofi yo, yo te kapab devlope estrateji ki maksimize enpak.
logo_partners_local_food_33

PDL

Partenariat Developpement Local

Partenariat pour le Développement Local (PDL) angaje l pou rebati kominote riral yo ann Ayiti paske yo kwè yo se fondasyon ki ka pèmèt tout peyi a reviv. Yo jwe yon wòl santral nan kreye yon rezo lidè ak òganizasyon lokal nan peyi a ki aplike pratik agwo ekolojik yo.

15 Oganizasyon Lokal

Malgre nou se yon kolaborasyon ant 15 òganizasyon lokal ki fè prèv yo deja, epi ki reprezante plizyè milye agrikiltè, elèv lekòl, pasyan ak yon douzèn òganizasyon kominotè, Alyans la ap toujou chèche angaje, nan lane k ap vini yo, biwo gouvènman lokal ak santral yo, ak lòt patnè k ap travay nan pwodiksyon, k ap bay sèvis, ak bay manje nan peyi a. Enpak ak dirablite Alyans la chita sou jan l ap kontinye grandi epi jwenn plis patenarya ak lòt oganizasyon.

wkkf-6
wkkf-5
wkkf-7
KRKreyòl